Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li. Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Bonswa, Mèt. Epi l bo Jezi. Jezi di li: — Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. Jezi di l konsa: — Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase. Apre sa, Jezi di foul moun yo: — Nou vin dèyè m ak nepe ak baton tankou si m te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pat janm arete mwen. Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l, yo pran kouri.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:47-56
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo