Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. Men, apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè pran lapawòl, li di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou. Jezi di li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè reponn li: — Menm si m ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:31-35
5 Jou
Nan tout kat levanjil yo, yo dekri krisifiksyon ak rezirèksyon Jezi. Nan moman Pak sa a, li sou kijan Jezi te sibi trayizon, doulè, ak imilyasyon sou kwa a anvan li te transfòme mond lan gras a lespwa rezirèksyon li pote. Chak jou, yon ti videyo ap ilistre yon pati nan istwa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo