Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 26:3-13

Matye 26:3-13 HAT98

Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la. Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li. Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd. Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di: — Poukisa tout gaspiyay sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li.

Li Matye 26

Koute Matye 26

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:3-13

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo