Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: — Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di: — Mèt, eske se mwen menm? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: — Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a. Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la.
Li Matye 26
Koute Matye 26
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 26:21-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo