Matye 26:14-35

Matye 26:14-35 HAT98

Lè sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo. Li di yo: — Kisa n'a ban mwen si m fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li. Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te ba yo Jezi. Premye jou fèt Pen San Ledven an, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: — Ki bò ou ta vle nou pare manje fèt Pak la pou ou? Li reponn yo: — Ale lavil la, kay entèl. N'a di l konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo. Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan. Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: — Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di: — Mèt, eske se mwen menm? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: — Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a. Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. Men, apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile. Pyè pran lapawòl, li di li: — Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou. Jezi di li: — Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè reponn li: — Menm si m ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.