— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [ — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, anmenmtan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.] — Malè pou nou, nou menm direktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou konvèti moun nan relijyon nou. Lè nou resi konvèti yonn, nou fè li merite lanfè sèt fwa pi plis pase nou toujou. — Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l kenbe pawòl li. Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye? Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lotèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, se pou l kenbe pawòl li. Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lotèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye? Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lotèl la, li sèmante sou lotèl la ansanm ak tou sa ki sou li. Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan. Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fòtèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fòtèy la.
Li Matye 23
Koute Matye 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 23:13-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo