Matye 21:1-17

Matye 21:1-17 HAT98

Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gentan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, li di yo: — Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn li: Se Mèt yo ki bezwen yo. Epi menm lè a, l'a kite nou ale ak yo. Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. Yo mennen manman bourik la ak ti bourik la. Yo pran rad mete sou do yo fè panno epi Jezi moute ti bourik la. Yon foul moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa vin tann atè nan chemen an tou. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: — Ki moun nonm sa a ye menm? Foul moun yo menm t'ap reponn yo: — Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a. Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo. — Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou? Apre sa, li kite yo, li sòti lavil la, l'ale Betani. Se la li pase nwit lan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an