Matye 20:8-12
Matye 20:8-12 HAT98
— Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Konmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo ta pral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n travay tout jounen an anba chalè solèy la.

