Antan yo t'ap sòti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: — Mèt, pitit David la, pitye pou nou. Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: — Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: — Kisa nou vle m fè pou nou? Yo di li: — Mèt, fè nou rewè ankò. Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.
Li Matye 20
Koute Matye 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 20:29-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo