Matye 20:20-23
Matye 20:20-23 HAT98
Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi di li: — Kisa ou vle? Madanm lan reponn: — Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa. Jezi reponn li: — Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a? Yo reponn li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan gode m lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle.

