Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo:
— Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò.
Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi di li:
— Kisa ou vle?
Madanm lan reponn:
— Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa.
Jezi reponn li:
— Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a?
Yo reponn li:
— Nou kapab.
Jezi reponn yo:
— Se vre. N'a bwè nan gode m lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle.
Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou de frè yo. Jezi rele yo, li di yo:
— Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Antan yo t'ap sòti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele:
— Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd:
— Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!
Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo:
— Kisa nou vle m fè pou nou?
Yo di li:
— Mèt, fè nou rewè ankò.
Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.