Matye 20:1-16

Matye 20:1-16 HAT98

— Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki sòti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l lan. Li antann ak yo pou l ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. Li sòti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. Epi y'al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an sòti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. Li te vè senkè nan apremidi lè li sòti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? Yo reponn li: Se paske pèsonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m lan. — Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Konmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo ta pral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n travay tout jounen an anba chalè solèy la. — Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. Eske m pa gendwa fè sa m vle ak lajan mwen? Osinon, eske sa fè ou mal si m gen bon kè? Apre sa, Jezi di yo ankò: — Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an