Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. Zanj lan di l: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri. Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la. Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l, Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, l'ale nan peyi Galile. Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: Y'a rele l moun Nazarèt.
Li Matye 2
Koute Matye 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 2:19-23
5 Jou
Nan moman Nwèl sa a, retounen nan istwa nesans Jezi nan levanjil Matye ak Lik yo. Pandan w ap li, yon ti videyo ilistre yon pati nan istwa a pou chak jou nan plan sa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo