Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa:
— Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.
Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l. Li pati, l'ale nan peyi Lejip. Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.
Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a. Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre:
Yo tande yon rèl nan lavil Rama.
Yo tande kriye ak gwo anmwe.
Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo.
Li pa vle pèsonn ba li kouray,
paske pitit li yo mouri.
Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. Zanj lan di l:
— Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri.
Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la. Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l, Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, l'ale nan peyi Galile. Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: Y'a rele l moun Nazarèt.