Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 2:1-6

Matye 2:1-6 HAT98

Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li. Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: — Ki kote Kris la gen pou l fèt? Yo reponn li: — Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou sòti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.

Li Matye 2

Koute Matye 2

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 2:1-6

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Matye 2:1-6

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi Matye 2:1-6 1998 Haïtienne

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

5 Jou

Nan moman Nwèl sa a, retounen nan istwa nesans Jezi nan levanjil Matye ak Lik yo. Pandan w ap li, yon ti videyo ilistre yon pati nan istwa a pou chak jou nan plan sa a.

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo