Matye 19:13-14

Matye 19:13-14 HAT98

Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l te mete men l sou tèt yo, pou l te lapriyè pou yo. Men, disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.