Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, l'ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l rive, li geri malad yo. Kèk farizyen pwoche bò kote Jezi pou yo wè si yo te ka pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz? Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Farizyen yo di li: — Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l kite avè li? Jezi reponn yo: — Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pat konsa.
Li Matye 19
Koute Matye 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 19:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo