Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: — Pa pale ak pèsonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? Jezi reponn yo: — Se vre. Eli gen pou l vin anvan, pou l mete tout bagay nan lòd. Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.
Li Matye 17
Koute Matye 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 17:9-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo