Matye 17:10-13
Matye 17:10-13 HAT98
Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? Jezi reponn yo: — Se vre. Eli gen pou l vin anvan, pou l mete tout bagay nan lòd. Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pat rekonèt li, yo fè l tou sa yo te vle. Se konsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis.

