Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo. Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa. Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: — Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye! Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gentan bliye lè m te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale? Se bliye nou gentan bliye lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa? Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pat di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.
Li Matye 16
Koute Matye 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 16:5-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo