Matye 16:18-20
Matye 16:18-20 HAT98
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye.



