Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo:
— Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?
Yo reponn li:
— Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.
Li di yo:
— Bon, epi nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye?
Simon Pyè reponn:
— Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
Lè sa a, Jezi di li:
— Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou. Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.
Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye.
Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di:
— Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.
Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l konsa:
— Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.