Matye 15:1-11

Matye 15:1-11 HAT98

Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa sòti Jerizalèm, yo vin bò kote Jezi. Yo di li: — Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje. Li reponn yo: — Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo? Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: — Koute byen sa m'ap di nou la a, manyè konprann sa: Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye. Men se sa k sòti nan bouch li ki ka mete l nan kondisyon sa a.