Matye 13:31-33
Matye 13:31-33 HAT98
Li ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo. Li di yo yon lòt parabòl ankò: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pat la leve.


