— Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn. Lè sa a, li di nan kè l: M'ap tounen lakay mwen, kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. Lè konsa, l ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l, lespri yo vin ansanm avè l, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo. Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l. Se konsa yon moun di Jezi: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi reponn moun ki te di l sa a: — Kilès ki manman m? Kilès ki frè m? Lè sa a, li lonje men l sou disip li yo, li di: — Gade non: men manman m ak frè m yo. Tout moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.
Li Matye 12
Koute Matye 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 12:43-50
12 Jou
Etidye fason Jezi te montre pouvwa ak konpasyon li atravè plan etid 12 pati sa a. Chak jou, yon videyo kout ap mete aksan sou kèk nan moun li te geri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo