Matye 12:15-21
Matye 12:15-21 HAT98
Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Li geri tout moun malad yo. Men, li te pale sevè ak yo pou yo pat di ki moun li te ye. Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre: Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen. Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari. Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt. Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.

