Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 12:1-8

Matye 12:1-8 HAT98

Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Se te yon jou samdi. Disip li yo te grangou. Se konsa, yo pran rale kèk grap ble pou yo manje. Lè farizyen yo wè sa, yo di l konsa: — Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo. Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l yo? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l yo pat gendwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gendwa sa a. Osinon, eske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.

Li Matye 12

Koute Matye 12

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Matye 12:1-8

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo