Matye 11:25-30

Matye 11:25-30 HAT98

Lè sa a, Jezi di: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. — Papa m renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. — Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.