Matye 11:18-30
Matye 11:18-30 HAT98
— Jan Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon. Lè sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pat tounen vin jwenn Bondye. Li di yo: — Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye. Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Nou menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou anlè jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jounen jòdi a. Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo. Lè sa a, Jezi di: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li. — Papa m renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li. — Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

