Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a. Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: — Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. Sou tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.
Li Matye 10
Koute Matye 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 10:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo