Matye 10:1-5
Matye 10:1-5 HAT98
Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a. Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: — Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.

