Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a.
Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a:
— Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. Okontrè, ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. Sou tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay. Pa soti ni ak lò, ni ak lajan peyi, ni ak lajan etranje nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa pran ni rad derechany, ni soulye derechany, ni baton. Paske ouvriye merite salè li.
— Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou yo. Men, si yo pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, sòti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap pini moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.