Senyè a di: — Men m'ap voye mesaje mwen devan pou li pare chmen pou mwen. N'ap rete konsa n'ap wè Senyè n'ap chache a ap vini nan Tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou li fè tout moun konnen kontra a. Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad. L'a vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l la. Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Senyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.
Li Malachi 3
Koute Malachi 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Malachi 3:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo