Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: — M'ap swiv ou tout kote ou prale. Jezi reponn li: — Chat mawon gen twou yo, zwazo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m poze tèt mwen. Jezi di yon lòt: — Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: — Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan. Men, Jezi di li: — Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a. Yon lòt di l ankò: — M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m al di moun lakay mwen yo orevwa. Jezi reponn li: — Moun ki gentan mete men nan travay epi k'ap vire gade dèyè, moun sa a pa gen plas li kote Bondye wa a.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:57-62
7 Days
In a crowded Christmas season, most of us feel the stress and anxiety of family relationships, financial pressure, hasty decisions, and disappointed expectations. So go ahead. Take a breath. Start this Life.Church Bible Plan and realize the weight we feel may be something God never asked us to carry. How about we let go of the baggage? Let’s travel light.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo