Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l, li pran chemen Jerizalèm. Li voye kèk moun devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk nan zòn Samari pou prepare rive Jezi. Men, moun yo pat vle resevwa l, paske li ta pral Jerizalèm. Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: — Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo? Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo. Apre sa, y'ale nan yon lòt bouk. Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: — M'ap swiv ou tout kote ou prale. Jezi reponn li: — Chat mawon gen twou yo, zwazo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m poze tèt mwen. Jezi di yon lòt: — Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: — Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan. Men, Jezi di li: — Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a. Yon lòt di l ankò: — M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m al di moun lakay mwen yo orevwa. Jezi reponn li: — Moun ki gentan mete men nan travay epi k'ap vire gade dèyè, moun sa a pa gen plas li kote Bondye wa a.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:51-62
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo