Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l, li pran chemen Jerizalèm. Li voye kèk moun devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk nan zòn Samari pou prepare rive Jezi. Men, moun yo pat vle resevwa l, paske li ta pral Jerizalèm. Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: — Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo? Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo. Apre sa, y'ale nan yon lòt bouk.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:51-56
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo