Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou l'al lapriyè. Antan li t'ap lapriyè, figi l pran chanje, rad li vin klere tou blan. Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki sòti nan syèl la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li ta pral mouri lavil Jerizalèm pou l te ka akonpli misyon li. Yon bon dòmi te gentan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l yo. Antan mesye yo ta pral kite Jezi, Pyè di li: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pa te konnen sa li t'ap di. Pandan li t'ap pale konsa, yon nyaj vin kouvri yo ak lonbray li. Lè disip yo wè nyaj la ap vin sou yo, yo te pè. Lè sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di: — Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pat rakonte pèsonn sa yo te wè.
Li Lik 9
Koute Lik 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 9:28-36
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo