Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li: — Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: — Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: — Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: — Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje.
Li Lik 8
Koute Lik 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 8:49-55
12 Jou
Etidye fason Jezi te montre pouvwa ak konpasyon li atravè plan etid 12 pati sa a. Chak jou, yon videyo kout ap mete aksan sou kèk nan moun li te geri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo