Lik 8:22-56

Lik 8:22-56 HAT98

Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: — Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati. Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo konmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. Yo pwoche bò kote Jezi yo souke l, yo di li: — Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li. Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizavi ak Galile. Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l: nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pat janm vle mete rad sou li, ni li pat vle rete nan okenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. Lè l wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: — Kisa m gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m soufri. Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li sòti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l ak tou de pye l ak chenn pou l pat kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l ale nan dezè. Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn: — Yo rele m Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. Lespri yo t'ap mande Jezi: — Tanpri souple, pa voye n ale nan gwo twou san fon an. Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: — Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y'al neye tèt yo nan letan an. Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sa k te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti pou y'al wè sa k te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te sòti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou l'al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l ale. Nonm ki te gen move lespri sòti sou li a mande l pou l'ale avèk li tou. Men, Jezi voye l ale, li di li: — Tounen lakay ou. Al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la. Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l, paske tout moun t'ap tann li. Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l nan pye Jezi, li mande li: — Tanpri souple, ann al lakay. Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m, mwen kite l prèt pou mouri. Pandan Jezi ta pral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l toupatou. Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, san yo yonn pat kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: — Ki moun ki manyen m lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: — Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: — Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze. Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm sòti lakay chèf sinagòg la vin di li: — Tifi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: — Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: — Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. Lè sa a, yo tonbe pase l nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: — Tifi, leve. Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l manje. Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pèsonn sa k te pase.