Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. Te gen kèk fanm avè l tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. Te gen Jàn, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen. Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble. Moun te sòti nan divès vil vin bò kote Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a: — Yon nonm sòti pou l'ale simen grenn nan jaden li. Pandan l t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwazo nan syèl vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch. Grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pat jwenn tè fre. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l fin di sa, li di ankò: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
Li Lik 8
Koute Lik 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 8:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo