Lik 8:1-21

Lik 8:1-21 HAT98

Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. Te gen kèk fanm avè l tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. Te gen Jàn, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen. Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble. Moun te sòti nan divès vil vin bò kote Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a: — Yon nonm sòti pou l'ale simen grenn nan jaden li. Pandan l t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwazo nan syèl vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch. Grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pat jwenn tè fre. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l fin di sa, li di ankò: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Disip li yo mande l kisa parabòl sa a vle di. Li reponn yo: — Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. — Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. Men yo pa kite l pouse rasin, yo pa kwè l pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y'al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufe l. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen. — Pèsonn pa limen yon lanp pou li mete li anba tab osinon anba kabann. Li mete li sou etajè. Konsa moun k'ap antre kapab wè. Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon jou. — Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l menm ti sa l te kwè li te genyen an. Manman Jezi ak frè l yo te vin kote li. Men, yo pat kapab rive pre li akòz foul moun yo. Moun yo di l konsa: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou. Men, Jezi di yo tout: — Manman m ak frè m, se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di.