Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l konsa: — Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pat kwè m ase bon pou m te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: — M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l ansanm ak yon gwo foul moun. Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.
Li Lik 7
Koute Lik 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 7:6-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo