Lik 7:1-23

Lik 7:1-23 HAT98

Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, l'ale lavil Kapènawòm. Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi. Se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l vin geri domestik li a. Yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l konsa: — Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pat kwè m ase bon pou m te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m di yonn: Ale! l ale. Lè m di yon lòt: Vini! li vini. Lè m di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: — M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l ansanm ak yon gwo foul moun. Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: — Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: — Bondye vin sove pèp li a. Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay la. Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis. Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kote Jezi al mande li: — Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè mesye sa yo rive bò kote Jezi, yo di li: — Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. Apre sa, li reponn moun Janbatis te voye yo konsa: — Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo pa bwete ankò, moun ki t'ap soufri ak lalèp yo geri, moun soud yo tande koulyeya, moun mouri resisite, pòv yo tande bonnouvèl la. Benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche.