Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan. Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. — Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
Li Lik 6
Koute Lik 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 6:35-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo