Simon reponn li: — Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan. Yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini. De kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, li di l konsa: — Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon. Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran. Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: — Pa pè. Depi kounyeya se moun ou pral peche. Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y'ale avèk Jezi.
Li Lik 5
Koute Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:5-11
10 Days
Peter was just a fisherman from backwater Galilee, but he was pursued by Jesus and became the rock upon which the church was built. He witnessed the pivotal moment of the cross and empty tomb. Join author Daniel Darling on this 10-day plan to discover the life of Simon Peter, an unlikely character caught up in the story of Jesus.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo