Jezi soti, li kite sinagòg la, l'ale kay Simon. Bèlmè Simon te anba yon gwo lafyèb. Yo mande Jezi fè kichòy pou li. Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l sou tèt yo tout, li geri yo. Anpil move lespri tou te sòti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pat kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye. Kou l fè jou, Jezi sòti, l'ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l pou l pat kite yo. Men li di yo: — Fòk m anonse bòn nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen. Se konsa, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg Jide yo.
Li Lik 4
Koute Lik 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:38-44
12 Jou
Etidye fason Jezi te montre pouvwa ak konpasyon li atravè plan etid 12 pati sa a. Chak jou, yon videyo kout ap mete aksan sou kèk nan moun li te geri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo