Lik 4:33-44

Lik 4:33-44 HAT98

Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: — Hey! kisa nou gen avèk ou, Jezi, moun Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li sòti, l'ale san l pa fè l okenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: — Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan tout peyi a. Jezi soti, li kite sinagòg la, l'ale kay Simon. Bèlmè Simon te anba yon gwo lafyèb. Yo mande Jezi fè kichòy pou li. Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l sou tèt yo tout, li geri yo. Anpil move lespri tou te sòti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pat kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye. Kou l fè jou, Jezi sòti, l'ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l pou l pat kite yo. Men li di yo: — Fòk m anonse bòn nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen. Se konsa, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg Jide yo.