Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gendwa di sa l'ap di a. Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: — Hey! kisa nou gen avèk ou, Jezi, moun Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li sòti, l'ale san l pa fè l okenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: — Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan tout peyi a.
Li Lik 4
Koute Lik 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:31-37
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo