Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. L'al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. Lè sa a li konmanse di yo: — Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap sòti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: — Se pa pitit Jozèf la sa? Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la. Epi li di yo ankò: — Men sa m'ap di la a se vre wi: - Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon nan peyi li. Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pat tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. Men, Bondye pat voye Eli lakay yo yonn menm. Se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li. Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pat jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.
Li Lik 4
Koute Lik 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:20-27
7 Days
A blind beggar crying out desperately by the side of the road, an immoral woman despised as dirty by polite society, a corrupt government employee hated by all – how could any of these people from society’s fringes hope to connect with a holy God? Based on insights from the book of Luke in the Africa Study Bible, follow Jesus as he bridges the gap between God and the marginalized.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo