Lik 4:16-26

Lik 4:16-26 HAT98

Jezi ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo. Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. L'al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. Lè sa a li konmanse di yo: — Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap sòti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: — Se pa pitit Jozèf la sa? Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la. Epi li di yo ankò: — Men sa m'ap di la a se vre wi: - Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon nan peyi li. Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pat tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. Men, Bondye pat voye Eli lakay yo yonn menm. Se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li.